Accessibility links

Breaking News

Twoup Ris yo Jwenn Lòd Pou yo Anvayi Ikrèn


Russia Military Drills
Russia Military Drills

Plizyè medya Ameriken deklare ke Etazini jwenn enfòmasyon ke otorite Ris yo bay kòmandman Ris yo lòd pou yo anvayi Ikrèn.

AFP te kontakte, Mezon Blanch, Pentagòn ak Depatman Deta, yo pa ni konfime oswa demanti enfòmasyon sa yo, ke medya Ameriken yo te retransmèt yo.

Vandredi, yon ofisyèl nan Pentagòn te asire ke plis pase 40% nan fòs Ris yo deja rasanble sou fwontyè yo genyen avek vwazen yo Ikrèn.

Washington gen plizyè semèn depi li avèti mond lan ke Larisi pral kreye yon fo atak sou fwontyè li ak peyi Ikrèn pou li ka jistifye envazyon li Ikrèn. Dimanch, Antony Blinken ankò asire ke tout done yo genyen montre ke Larisi te "sou wout pou l anvayi Ikrèn".

Larisi demanti akisasyon sila, li mande pou yo garanti li ke Òganizasyon Trete Nò Atlantik la ap soti nan Ewòp de lès e yo pap kite Ikrèn antre nan L'OTAN.

XS
SM
MD
LG