Accessibility links

Breaking News

Biden di li Si e Sèten Putin Deside Anvayi Ikrèn


Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou diplomasi Etazini antreprann pou dekouraje La Risi mete plis twoup ak zam sou frontye Ikren nan, nan Lamezonblanch, Vandredi 18 Fevriye 2022.
Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou diplomasi Etazini antreprann pou dekouraje La Risi mete plis twoup ak zam sou frontye Ikren nan, nan Lamezonblanch, Vandredi 18 Fevriye 2022.

Prezidan Joe Biden di li si e sèten Vladimir Putin deside anvayi Ikrèn. Chèf d'eta Ameriken an fè deklarasyon sa a pandan yon diskou brèf li pwononse nan Lamezonblanch Vandredi apremidi.

Prezidan Joe Biden deklare Vandredi li si e sèten Prezidan La Risi, Vladimir Putin pran desizyon pou'l anvayi Ikrèn, e ke toujou gen tan pou diplomasi, men li atann ni aske La Risi pase a l'aksyon nan jou kap vinn la yo.

"Nou gen bon jan rezon pou nou kwè fòs ris yo ap planifye e yo gen entansyon atake Ikrèn nan semèn kap vini an, oubyen nan jou kap vini yo. Nou kwe yo pral vize kapital Ikren nan Kyev kote 2,8 milyon sitwayen inosan ap viv. Nou leve vwa nou pou di sa la Risi ap fe tout tan pa paske nou vle yon konfli, men pito paske nap fe tout sa nou kapab pou elimine tout rezon la Risi taka bay pou jistifye yon envazyon Ikren epi anpeche yo avanse.

"Konprann byen, si La Risi pousuiv plan sa a, lap responsab pou yon lage katastwofik e se yon bagay lap fe pou granmesi. Etazini ak alye nou yo pare pou defann chak santimet teritwa LOTAN kont nempot ki menas ki poze pou sekirite kolektiv nou. Nou pap voye twoup al goumen nan Ikren, men nou pral kontinye apiye pep Ikrenyen an," Biden deklare.

Prezidan Biden di li Si e Sèten Putin Deside Anvayi Ikrèn
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:55 0:00

Tansyon yo ogmante anpil sou frontyè a kote gen Ris yo gen yon pakèt ekipman militè ak zam epi yap lanse atak Etazini rele "false-flag" (fo drapo) ki gen kòm bi pou sèvi kòm pretèks pou yon envazyon militè.

Kremlen an anonse yon kokenn chenn egzèsis nikleyè pou montre pwisans militè li, e Putin sèmante pou'l pwoteje enterè nasyonal La Risi kont sa li konsidere tankou menas bò kote l'Oksidan.

Biden repete yon lòt fwa ankò, menas pou'l enpoze sanksyon ekonomik ak diplomatik masiv kont La Risi, si Putin anvayi Ikrèn.

"Nou pare pou enpoze sanksyon seve si la Risi kontinye anvayi Ikren. Map repete anko La Risi ka chwazi diplomasi. Li pa two ta pou bese tansyon yo epi retounen sou tab negosyasyon. Ye swa Ris yo te dako Sekrete d'Eta Blinken ak Minis Afe Etranje Lavrov ta dwe rankontre 24 Fevriye ann Ewop. Men si la Risi lanse yon atak anvan dat sa a nap di kleman ke pot diplomasi a ap femen. Si yo chwazi lage yo pral peye sa che, non selman akoz sanksyon ke noumenm ak alye nou yo pral enpoze kont La Risi men tou akoz gwo kòvle yo pral soulve toupatou nan mond lan," Prezidan Biden deklare.

Alye loksidan yo rejte prensipal ekzijans LaRisi ki vle pou l-OTAN ekate posiblite pou Ikrèn ak lòt ansyen eta sovyetik ta vin manm alyans la.

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken, apre sa, repete pawòl Biden, kote li di Konsèy Sekirite l-ONU an ke mond la ka espere ke LaRisi ap atake Ikrèn nan kèk jou konsa e ke gen sèvis ransèyman ki fè konnen li ka vini dabò ak yon pretèt li fabrike.

Pandanstan, Moskou mete deyò diplomat ameriken Nimewo 2 nan anbasad ameriken nan kapital LaRisi a.

Depatman Deta fè konnen Bart Goman ke yo ekspilse a se asistan chef misyon an nan Moskou, e ke pa te gen okenn pwovokasyon pou sa, e n ap site "nou konsidere se yon pa nan direksyon pou ogmante tansyon e n ap konsidere repons pa nou."

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters

XS
SM
MD
LG