Accessibility links

Breaking News

LaRisi ap Ogmante Fòs Militè li


Russia Military Drills
Russia Military Drills

LaRisi ap ogmante fòs militè li e ansèkle yon bon pati nan Ikrèn malgre Moskou fè konnen l ap wete kèk sòlda, dapre sa Etazini ak chef l-OTAN Jens Stoltenberg fè konnen mèkredi.

"Se plis sòlda, se pa mwens, ki sou fwontyè Ukrèn nan e yo ap vanse nan pozisyon konba, sa ki bay kè-sote," se sa pòtpawòl Depatman Deta Ned Price di jounalis yo.

Nan Brusèl an Bèljik, nan yon reyinyon minis defans 30 eta manm alyans la yo, Stoltenberg di, "Nou tande siy ki soti Moskou kòmkwa li pare pou l kontinye efò diplomaitik-yo. Men jouk kounye-a, nou pa wè okenn chanjman sou teren an nan sans sa-a. Okontrè, sanble ke LaRusi ap kontinye rasanble fòs militè li."

Chef sèvis ransèyman peyi Estoni, Mikk Marran, di LaRusi ap lanse yon atak limite sou Ukrèn, ladann yon bonbadman ak misil, e okipe yon pati enpòtan sou teren an.

XS
SM
MD
LG