Accessibility links

Breaking News

Vladimir Putin Resevwa Tokay Brezilyen li Jair Bolsonaro


Brezil Larisi
Brezil Larisi

Prezidan Ris Vladimir Putin resevwa tokay brezilyen li a Jair Bolsonaro nan Moskou pou yon chita pale.

Vizit sa a vini nan yon kontèks kote gen gwo tansyon ant Larisi ak peyi oksidantal yo kote yo di Larisi pral anvayi vwazen li peyi Ikrèn.

Prezidan Ris Vladimir Putin di ke diskisyon yo "konstriktif".

Nan fen reyinyon an Putin te deklare ke "Brezil se pi bon patnè nou an nan Amerik Latin nan", li te di ke reyinyon sa ki fèt jodi a pral kontribye"plis pou ranfòse relasyon Ris-Brezilyen" yo.

Jair Bolsonaro te di li "an solidarite" ak Larisi, vizit sa ke mwen fè voye yon siyal pou lemonn antye ke relasyon peyi m'ak Moskou ap mache trè byen. "

Yo te tou mete aksan sou fason yo ka kopere" nan domèn enèji, patikilyèman pou fòs nikleyè."

Mesye Bolsonaro te envite Mesye Putin pou vin nan peyi Brezil, e Prezidan Putin te resevwa "envitasyon sa a kè kontan".

Bolsonaro an gen pou l rankontre tou plizyè biznisman pandan vwayaj li nan peyi Larisi pou l diskite de komès, ki ap benefisye tou 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG