Accessibility links

Breaking News

Larisi: Scholz Refize Fè Tès COVID lè li Rive Moskou


UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-GERMANY
UKRAINE-CRISIS/RUSSIA-GERMANY

Chanselye alman Olaf Scholz te refize soumèt tèt li pou fè yon tès anti-COVID lè li te rive nan Moskou avan chita pale li ak Prezidan Vladimir Putin.

Dapre yon sous ki te pale ak AFP e ki mande pou yo pa site non li, Chanselye Alman te fè yon tès e se yon "doktè ki soti nan anbasad Alman ki te fè " lè li rive nan ayewopò an.

Dapre plizyè medya, Chanselye a te fè tès la nan avyon an, yon fwa li te rive nan kapital Ris la.

Otorite Larisi yo te mande pou tout manm delegasyon Alman an ak jounalis ki akonpaye Chanselye a prezante twa tès negatif ki te fèt 4 jou anvan yo rive Moskou.

UKRAINE-CRISIS/MACRON-PUTIN
UKRAINE-CRISIS/MACRON-PUTIN

Yon semèn de sa, Macron te refize fè tès la tou lè li te rive Moskou, dapre sa pòtpawòl Kremlin Dmitry Peskov di. Se rezon sa ki fè, Putin ak Macron te fè chita pale a sou yon yon tab ki byen long pou yo te ka respekte distans sanitè yo.

Misye Scholz te chita sou menm tab sa a, kote te gen yon gwo distans ak Misye Putin.

Olaf Scholz se nan Moskou pou eseye desann tansyon kriz ki genyen ant Larisi ak Ikrèn, kote gen deplwaman plis pase 100,000 militè ris sou fwontyè li genyen ak Ikrèn.

XS
SM
MD
LG