Accessibility links

Breaking News

Washington Akize Moskou Kòmkwa Lap Chèche 'Pretèks' pou Atake Ikrèn


US-RUSSIA-UKRAINE-CONFLICT-DIPLOMACY
US-RUSSIA-UKRAINE-CONFLICT-DIPLOMACY

Lèzetazini akize Larisi deske l ap chèche on "pretèks" pou atake Ikrèn, e yo denonse an patikilye akizasyon ke Vladimir Putin fè kote li di gen "jenosid" ki fèt sou teritwa pwo-Ris yo nan Ikrèn.

"Malgre avètisman nou te fè semèn ki sot pase, nou wè laprès Ris, ofisyèl Ris ak medya Ris, ap kreye istwa pou yo ka itilize kòm yon pretèks pou yo mennen yon envazyon".

Dapre Washington, "akizasyon sa yo Putin fè yo, se kapab aktivite militè Ukrenyen yo nan Donbass", yon rejyon nan lès peyi Ikrèn kote separatis pro-Ris yo ap goumen kont fòs Ikrèn yo depi 8 ane.

Pot pawol Depatman d'Eta a Ned Price nan yon deklarasyon di "Sa konsène anpil lefèt ke Prezidan Putin ak lòt ofisyèl Ris ap pale de yon 'jenosid' nan Donbass. Pa gen yon okenn verite nan akizasyon sa yo."

Prezidan Ris la te di Madi ke yon "jenosid" tap dewoule nan rejyon Donbass la.

XS
SM
MD
LG