Accessibility links

Breaking News

Biden Deklare Yon Envazyon Ris nan Ikrèn Rete 'Yon Vre Posibilite'


Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou Ikren nan Sal Es Lamezonblanch la, Madi 15 Fevriye, 2022 nan Washington.
Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou sou Ikren nan Sal Es Lamezonblanch la, Madi 15 Fevriye, 2022 nan Washington.

Prezidan Joe Biden deklare Etazini pare pou'l bay "diplomasi yon chans pou ranpòte siksè" pa rapò ak kriz La Risi ak Ikrèn nan, men li di kounyea gen plis pase 150,000 twoup Ris ki antoure Ikrèn ak Belaris e li avèti " ke yon envasyon toujou posib."

Nan diskou li pwononse nan Sal Es la nan Lamezonblanch, Biden deklare Etazini "poko verifye" deklarasyon La Risi fè pou di kèk nan twoup li yo pati kite frontyè Ikrèn nan e ke yon envazyon nan Ikrèn toujou yon posibilite.

Prezidan an repete tou, apèl li te lanse bay Ameriken ki nan Ikrèn yo, pou yo "pati kite peyi a kounyea anvan twò ta bare'w."

"Nou pral kontinye jefò diplomatik nou yo an konsiltasyon sere ak alye nou epi patnè nou yo. Toutotan gen espwa pou jwenn yon solisyon diplomatik ki anpeche itilizasyon lafòs ak soufrans imen ki tap suiv, nou pral pousuiv li.

Minis Defans Ris la rapòte jodia ke kèk nan twoup yo tap kite pozisyon yo pre Ikrèn. Se tap yon bon bagay men nou poko verifye'l. Nou poko veritye ke twoup Ris yo ap tounen nan baz yo. Vrèman vre analis nou yo endike yo toujou nan yon pozisyon menasan. Epi verite a pou kounyea sè ke La Risi gen plis pase 150 mil twoup ki ansèkle Ikrèn ak Belaris sou frontyè Ikrèn. Yon envazyon rete yon posibilite. Se poutèt sa mwen mande plizye fwa pou tout Ameriken ki nan Ikrèn kite kounyela a anvan li two ta pou yo pati an sekirite," Biden deklare.

Nan mesaj ki vize pep Ris la dirèkteman, prezidan Biden souliyen "ou pa enmi nou."

"Lezetazini ak LOTAN pa poze yon menas pou La Risi. Ikren pa menase La Risi. Ni Etazini, ni LOTAN pa gen misil ann Ikrèn. Nou pa gen okenn entansyon mete yo la non plis. Nou pa vize pep Ris la. Nou pap chache destabilize La Risi. Pou sitwayen Ris yo, nou pa enmi'w. E mwen pa kwè ou ble yon lagè kote anpil san koule ak Ikrèn, yon peyi ak yon pèp ki pataje lyen familiyal, istorik ak kiltirèl avek nou, " Biden deklare.

Prezidan an te pran la pawòl kèk èdtan apre La Risi te anonse kèk nan twoup li yo ki tap patisipe nan egzèsis milite tou pre frontyè Ikrèn tap kòmanse tounen nan baz yo.

Pi bonè jodia, prezidan Ris la, Vladimir Putin te deklare La Risi pare pou chita pale ak Etazini epi L'OTAN sou transparans militè, limit sou deplwaman misil ak lòt kesyon ki gen rapò ak sekirite.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG