Accessibility links

Breaking News

Kanada Retire Twoup li yo Nan Ikrèn

FILE - Canadian army soldiers board a CH-47 Chinook helicopter as they leave Kandahar province, southern Afghanistan, June 18, 2011. Canada announced Monday that helicopters and support troops would be sent on a peacekeeping mission to Mali.

Ministè Defans Kanadyen an te anonse dimanch ke Kanada deside "deplase tanporèman" kèk nan pèsonèl militè li yo ki estasyone nan peyi Ikrèn, e li voye nan yon lòt peyi nan Ewòp la, desisyon sa pran akòz sitiyasyon ki genyen ant Larisi ak Ikrèn.

Nan yon kominike pou laprès Ministè a presize ke deplasman tanporè sa a, pa vle di ke misyon yo fini nan peyi Ikrèn. Se ji yon efò Kanada ap fè pou asire sekirite manm Fòs Lame Kanadyen yo".

Ottawa pa t bay detay sou kantite sòlda yo te deplase tanporèman nan peyi Ikrèn.

Apeprè 200 sòlda Kanadyen te deplwaye nan ane 2015 nan peyi Ikrèn nan kad yon misyon UNIFIER la, ki vize pou kontribiye nan fòmasyon fòs militè Ikrèn lan.

Ottawa deklare ke "Fòs Lame Kanadyen yo rete angaje ak pèp Ikrèn lan e ak misyon yo genyen pou amelyore kapasite Fòs Sekirite Ikrèn yo."

XS
SM
MD
LG