Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini: Blinken Bay Detay sou Kòman on Atak Larisi ap Afekte Ikrèn


U.N. Security Council meeting on the situation between Russia and Ukraine, in New York
U.N. Security Council meeting on the situation between Russia and Ukraine, in New York

Minis Zafè Etranje ameriken an, Antony Blinken, te mande Larisi Jedi nan Nasyonzini pou li "abandone chemen lagè ." Li bay detay san li pa bay okenn prèv kòman on atak Larisi ap afekte Ikrèn

Sekretè Deta Ameriken an te fè deklasyon sila a devan Konsèy Sekirite a nan New York: "Mwen isit la jodi a, pa pou kòmanse yon lagè, men anpeche youn" e li te pwopoze tokay Ris li Sergei Lavrov yon rankont "semèn pwochèn an Ewòp".

"Mwen pa gen dout ke repons a deklarasyon mwen isit la jodi a se pral plis refi nan men gouvènman Ris la," li te di.

"Gouvènman Ris la ka di nou jodi a" ke "Larisi pa pral anvayi Ikrèn, li di li devan lemond antye, epi answit li dwe wete sòlda li yo, tank li yo, avyon li yo sou fontyè, fè yo retounen nan kazèn yo, epi lè sa li dwe voye diplomat li yo sou tab negosyasyon pou nou ka negosye on chemen diplomatik".

Antony Blinken kontinye pou li di "Enfòmasyon nou jwenn montre nou klèman ke 'fòs Ris yo ki sou fwontyè Ikrenyen yo' ap prepare pou lanse yon atak sou Ikrèn nan jou kap vini yo".

XS
SM
MD
LG