Accessibility links

Breaking News

Kremlen Di sa ap Pran tan Pou Wete Fòs Ris Yo sou fwontyè Ikrèn nan


俄罗斯国防部发布的照片显示在莫斯科郊外机场上等待运往哈萨克斯坦的俄军用车辆。(2022年1月6日)
俄罗斯国防部发布的照片显示在莫斯科郊外机场上等待运往哈萨克斯坦的俄军用车辆。(2022年1月6日)

Kremlen an fè konnen jodia sa ap pran tan pou wete fòs ris yo ki fin fè ekzèsis militè toupre fwontyè Ikrèn nan, pandan Etazini ak lòt alye nan Ikrèn fè konnen pa gen okenn siy klè ke LaRisi ap rale eleman militè ris ki te deklannche krent pou yon nouvo envazyon nan Ikrèn.

Yon gwo zotobre ameriken di jounalis yo yè swa alòske LaRisi fè konnen li t ap koumanse voye kèk inite tounen nan baz yo, li te ajoute yon afè 7-mil solda anplis sou fwontyè Ikrèn nan.

LaRisi demanti ke li gen plan anvayi Ikrèn, e li chache garanti sekirite tankou angajman l-OTAN pou l pa kite Ikrèn antre ladann ansanm ak lòt ansyen repiblik sovyetik.

Jodi-a tou, fòs Ikrèn ak rebèl ke LaRisi apiye nan lès Ikrèn boukante akizasyon pou kout zam ki tire pa lòt bò yon liy sese-l-fe.

Pòtpawòl Kremlen Dmitry Peskov fè konnen LaRisi gen gwo enkyetid pou vyolans ki ogmante a. Minis afè etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba mande pou LaRisi kondane sa li rele yon vyolasyon grav akò Minsk yo nan yon sityasyon sekirite ki deja chaje ak tansyon.

XS
SM
MD
LG