Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ikrèn Mande Putin Rankontre Avè'l nan Moman Tansyon yo Ogmante


Yon solda Ikrenyen gade yon twou ke yon zam separatis pwo-Risi yo tire nan vilaj Novoluhanske, nan rejyon Luhansk, peyi Ikrèn, Samdi 19 Fevriye 2022.
Yon solda Ikrenyen gade yon twou ke yon zam separatis pwo-Risi yo tire nan vilaj Novoluhanske, nan rejyon Luhansk, peyi Ikrèn, Samdi 19 Fevriye 2022.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy ap fè fas ak yon gwo ogmantasyon nan zak vyolans andedan ak ozalantou teritwa rebèl ki apiye La Risi yo kontwole. Siy yo endike de plizanpli La Risi gen entansyon anvayi peyi a, kidonk, Zelenskyy lanse apèl bay Prezidan Ris la, Vladimir Putin pou'l vinn rankontre'l pou jwenn yon solisyon pou kriz la.

Kremlen an poko reponn.

Zelenskyy te pran la pawòl kèk hèd tan apre rebèl separatis yo nan rejyon ès peyi a te pase lòd pou yon mobilizasyon militè konplè Samdi, nan moman lidè Oksidantal yo kontinye lanse avètisman pou di yon envazyon Ris peyi vwazen li taka fèt nempòt ki lè.

Solda ak Tank Ris Rive Bò Frontyè Ikrèn
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:31 0:00

Nan kèk siy la pèrèz dèske yon lagè taka komanse nan kèk jou, Almay ak Otrich mande sitwayen yo mare pakèt yo, kite Ikrèn.

Konpayi Ayeryèn Almay Lufthansa anile vòl li nan kapital Ikrèn nan Kyèv epi vil Odesa.

XS
SM
MD
LG