Accessibility links

Breaking News

Unyon Ewopeyen Avèti yo Taka Bloke La Risi Nèt sou Mache yo ak Teknoloji


Prezidan Komisyon Ewopeyen an Ursula von der Leyen pran la pawol pandan Konferans Sekirite Munich la nan peyi Almay, Samdi 19 Fevriye 2022.
Prezidan Komisyon Ewopeyen an Ursula von der Leyen pran la pawol pandan Konferans Sekirite Munich la nan peyi Almay, Samdi 19 Fevriye 2022.

Moskou taka pèdi aksè li genyen ak mache finansye yo epi pwodwi teknoloji pèfeksyone anba sanksyon l'Oksidan pare pou'l enpoze si La Risi atake Ikrèn. Se sa yon wo responsab Inyon Ewopeyen an fè konnen Samdi.

Komantè sa a, ke Ursula von der Leyen, direktris Komisyon Egzekitif UE a fè vini nan moman tansyon yo ant La Risi ak Ikrèn entansifye.

Prezidan Joe Biden deklare li "si e sèten" Prezidan Ris la Vladimir Putin deside anvayi peyi vwazen li a.

Von der Leyen deklare nempot ki aksyon Kremlen an ta poze "taka koute La Risi yon avni pwospè".

Pandan Konferans Sekirite Munich la, kote lot manm Kongrè a te prezan, Lidè Lachanm dè Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi deklare sanksyon Ameriken yo taka gen ladann sistèm bankè SWIFT la ki ta bloke prèske tout tranzakson finansye entènasyonal La Risi ap fè yo.

XS
SM
MD
LG