Accessibility links

Breaking News

Sekretè Defans Etazini: La Risi ap 'Dewoule Kò l e li Pare pou Atake'


Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin III pale pandan yon konferans de pres nan vil Vilnius, peyi Lityani, Samdi 19 Fevriye 2022.
Sekrete Defans Etazini Lloyd Austin III pale pandan yon konferans de pres nan vil Vilnius, peyi Lityani, Samdi 19 Fevriye 2022.

Sekretè Defans Etazini an, Lloyd Austin asire 3 peyi Balt yo ke yo pap poukont yo si La Risi menase sekirite yo.

Sepandan Austin pa pwomèt yon deplwaman pèmanan twoup Ameriken nan ansyen Repiblik Sovyetik yo, an palan de Letoni, Lityani ak Estoni.

Austin fè kout pye nan Lityani Samdi nan moman twoup Ris yo ap gonfle pi plis toujou tou pre frontyè Ikrèn nan. Aktivite militè Ris yo lakoz responsab Oksidantal yo deklare Moskou taka anvayi Ikrèn nempòt kilè.

Austin di Ris yo ap "dewoule kò yo e yo pare pou atake."

Responsab Lityanyen yo bò kote pa yo eksprime kè sote yo genyen dèske Prezidan Ris la, Vladimir Putin taka gen anbisyon kontwole tout rejyon an.

XS
SM
MD
LG