Accessibility links

Breaking News

Harris: Mond la Ap Fè Fas ak yon "Moman Istorik Desizif'


Vis Prezidan Etazini Kamala Harris, a dwat, chita bo kote Direkte Konferans Sekirite Munich la, Wolfgang Ischinger, Samdi 19 Fevriye 2022 nan vil Munich, peyi Almay.
Vis Prezidan Etazini Kamala Harris, a dwat, chita bo kote Direkte Konferans Sekirite Munich la, Wolfgang Ischinger, Samdi 19 Fevriye 2022 nan vil Munich, peyi Almay.

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris deklare mond lan ap fè fas ak "yon moman istorik desizif". Administrasyon Biden nan lanse avètisman pou di gen anpil chans pou yon envazyon Ris nan Ikrèn fèt nan jou kap vin la yo.

Pandan yon rankont ak Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy ki dewoule sou kote Konferans Sekirite Munich la, Harris sèmante ke Lèzetazini pran angajman vizavi souvrènte Ikrèn.

Vis prezidan an pwofite diskou li pandan konferans la pou'l reitere pwomès administrasyon Biden nan te fè pou'l frape La Risi ak sanksyon ki va souke ekonomi li si li anvayi Ikrèn ankò.

Komantè sa yo fèt yon jou apre Prezidan Joe Biden te di li "si e sèten" ke Vladimir Putin deside anvayi peyi vwazen li an, Ikrèn.

XS
SM
MD
LG