Accessibility links

Breaking News

La Risi Pwolonje Egzèsis Militè li yo; Ikrèn Lanse Apèl pou Seselfe


Yon enstrikte montre yon grenad pandan lap antrene yon gwoup Ikrenyen ekstrem dwat nan vil Kyev kapital Ikren, Dimanch 20 Fevriye 2022.
Yon enstrikte montre yon grenad pandan lap antrene yon gwoup Ikrenyen ekstrem dwat nan vil Kyev kapital Ikren, Dimanch 20 Fevriye 2022.

La Risi pwlonje egzèsis militè li yo tou pre frontye no Ikrèn apre 2 jou echanj kout zam sou liy kontak ant solda Ikrenyen yo ak separatis pwo- Risi yo nan rejyon ès Ikrèn.

Prezidan Ikrenyen an lanse apèl pou yon seselfe. Egzèsis kap dewoule nan Belaris, ki pataje frontyè ak Ikrèn nan no, te sipoze fini Dimanch.

Egzèsis konjwen yo te lakoz yon gwo kontenjan fos Ris t'al nan Belaris, e prezans yo soulve kè sote dèske yo taka vanse sou kapital Ikrèn nan nan kad yon envazyon Ris.

Yon wo responsab Inyon Ewopeyen an deklare "gwo kestyon nou poko reponn nan se: Eske Kremlen an vle yon diyalog?"

XS
SM
MD
LG