Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Nèj, Pandemi a Anile Vòl nan Fen Peryòd Fèt la


Pou anpeche pwopagasyon COVID-19 la, vwayaje kap pran avyon yo mete mask e yo separe ak yon vit plexiglass pandan yap tann pou pase sekirite nan ayewopo Love Field Dallas la, 31 Dec. 2021.
Pou anpeche pwopagasyon COVID-19 la, vwayaje kap pran avyon yo mete mask e yo separe ak yon vit plexiglass pandan yap tann pou pase sekirite nan ayewopo Love Field Dallas la, 31 Dec. 2021.

Move tan ki vinn melanje ak pandemi lakoz fristasyon moun kap vwayaje nan avyon pou tounen lakay yo nan fen peryod fèt fendane yo. Plizyè vòl avyon te swa ranvwaye, swa anile nan premye jou nouvo ane a.

Dimanch apremidi sou kòt ès Etazini, te gen plis pase 2,300 vòl Ameriken ak plis pase 3,900 vòl entènasyonal ki te anile, dapre FlightAware, ki siveye tout vòl avyon kap fèt nan mond lan.

Samdi menm gen plis pase 2,700 vòl Ameriken ak plis pase 4,700 vòl entenasyonal ki te anile.

Bilan Samdi a se chif pi wo anilasyon vòl ayeryen yo anrejistre depi anvan konpayi ayeryen Ameriken yo te kòmanse blame enfeksyon COVID-19 ki ogmante pami ekipaj avyon yo pou mank anplwaye yap eseye jere.

XS
SM
MD
LG