Accessibility links

Breaking News

Eske Tès COVID Moun Fè Lakay yo ka Detekte Varyan Omicron an?


Yon ilustrasyon tes COVID-19 yo (AP Illustration / Peter Hamlin)
Yon ilustrasyon tes COVID-19 yo (AP Illustration / Peter Hamlin)

Tès COVID-19 moun ka fè lakay yo gen kapasite pou detekte varyan omicron an, men responsab la sante Ameriken yo di, done yo genyen sigjere tès sa yo ka mwen sansib a varyan an, kidonk yo ka pa detekte'l.

Rekòmandasyon gouvènman Ameriken an pa rapò ak itilizasyon tès sa yo pa chanje. Moun dwe kontinye sèvi ak tès yo ka pran lakay yo lè yon rezilta rapi enpòtan.

Savan gouvènman yo ap tcheke pou wè si tès yo ap efikas chak fwa yon nouvo varyan parèt. Li bonè toujou pou gen yon repons definitiv sou omicron, ki te parèt sèlman nan fen mwad Novanm nan.

Plis enfomasyon ap antre nan semèn kap vini yo pandan ke Administrasyon Manje ak Medikaman an kontinye ap egzaminen kijan tès yo pèfòme pa rapò ak varyan sa a.

XS
SM
MD
LG