Accessibility links

Breaking News

Meksik Apwouve Vaksen COVID Kiben Abdala a


Yon neg tann pou'l resevwa vaksen booster COVID-19 AstraZeneca a nan Campo Marte, yon lye milite nan Mexico siti, 28 Dec. 2021.
Yon neg tann pou'l resevwa vaksen booster COVID-19 AstraZeneca a nan Campo Marte, yon lye milite nan Mexico siti, 28 Dec. 2021.

Konsèy Sekirite Sanitè Meksik la apwouve itilizasyon vaksen kowonaviris Kiben an ki rele Abdala e ki gen 3 doz.

Konsèy la deklare Mekredi ke li gen ase prèv ki montre vaksen an sen epi efikas.

Apwobasyon dijans la pa nesesèman vle di gouvènman Meksiken an pral achte'l ni sèvi ak vakse Abdala a lakay li.

Meksik apwouve 10 vaksen, men li pa vreman sèvi ak kèk pami yo, tankou pa egzanp Sinopharm Chinwa a, lakay li.

Kiba apwouve vaksen Abdala a lakay li e li komanse ekspote vaksen an pou vann nan peyi Vietnam ak Venezyela.

XS
SM
MD
LG