Accessibility links

Breaking News

Omicron, Move Tan Anile Vòl Ayeryen pou 4e Jounen Youn Apre Lòt


Yon dam Brezilyen ak pitit li tan vol yo anba yon pankat elektwonik ki montre plizye douzen vol ki anile nan ayewopo entenasyonal Miami an, 27 Dec. 2021.
Yon dam Brezilyen ak pitit li tan vol yo anba yon pankat elektwonik ki montre plizye douzen vol ki anile nan ayewopo entenasyonal Miami an, 27 Dec. 2021.

Yon pakèt vòl ayeryen te anile ankò Lendi. Gen anplwaye konpayi ayeryèn yo ki malad ak COVID-19 e sa lakoz konpayi yo pa gen ase moun pou travay.

FlightAware, yon sit entènèt ki siveye tout vòl kap fèt yo di konpayi ayeryen yo anile plis pase 4,000 vòl nasyonal ak entènasyonal depi Vandredi, e gen 1,000 ki te anile Lendi.

Delta, United, JetBlue ak American deklare kowonaviris la koze yon mank anplwaye. Konpayi Euwopeyen ak Ostralyen yo anile vòl fèt fendane tou akoz anplwaye yo malad.

Gen lòt faktè tankou move tan ki jwe yon wòl nan sa tou. Delè nan vòl yo ak anilasyon ki gen rapò ak yon mank anplwaye vinn pi komen ane sa a.

XS
SM
MD
LG