Accessibility links

Breaking News

Miami Louvri Nouvo Sit Kote Moun ka Fè Tès COVID-19


Foto Achiv: Moun fè lake pou pran tès COVID-19 la nan Miami, 22 Dec. 2021.
Foto Achiv: Moun fè lake pou pran tès COVID-19 la nan Miami, 22 Dec. 2021.

Otorite yo nan awondisman Miami-Dade louvri 2 nouvo sit kote moun ka al fè tès kowonaviris e yo pwolonje orè yo nan Zoo Miami an pou reponn demann sitwayen yo.

"Nap travay 24 hè sou 24 pou asire sitwayen yo nan Miami-Dade gen aksè ak tès pou pwoteje tèt yo ak moun yo renmen pandan fèt fendane yo," Majistra Miami-Dade la, Daniella Levine Cava deklare pandan yon konferans pou laprès Madi.

Li fè konnen awondisman an distribye 152,000 tès rapid COVID-19 tou.

Zoo Miami an louvri pou tès COVID 24 hè pa jou, Manadjè Jeneral NOMI Health Florida, Ron Goncalves deklare.

Florid konstate yon gwo ogmantasyon nan nouvo ka enfeksyon COVID-19 semèn ki sot pase a.

XS
SM
MD
LG