Accessibility links

Breaking News

Ap Gen Fèt Joudlan Nan Times Square Men ak Mwens Moun


Afich 2022 ki pral klere sou tet yon bilding nan Nouyok a l'okazyon joudlan.
Afich 2022 ki pral klere sou tet yon bilding nan Nouyok a l'okazyon joudlan.

Moun ki vle fete joudlan nan Times Square nan Nouyòk semèn pwochèn nan ap kapab fè sa, men otorite yo pral limite kantite moun ki ka rasanble sou plas popilè sa a akoz pandemi COVID-19 la.

Majistra vil Nouyok la, Bill de Blasio deklare Jedi ke zon kote moun ka kanpe pou gade festivite yo, e ki akomode d'abitid yon afè 58,000 moun pral limite ane sa a a 15,000 moun sèlman pou ka gen plis espas ant yo.

Tout spektatè yo ap oblije pwouve yo vaksinen kont COVID-19 e fòk yo mete mask.

Chanjman sa yo fèt nan moman Nouyòk ap fè fas ak yon gwo ogmantasyon nan ka enfeksyon kowonaviris, ki konekte ak nouvo varyan omicron an. Madi vil la te anrejistre yon chif rekò - swa 17,200 nouvo ka COVID-19.

XS
SM
MD
LG