Accessibility links

Breaking News

COVID Lakoz Mond lan Paka Fete Nwèl Jan li Ta Renmen Fè'l


Moun pase bo kote Katedral Sen Joseph la ki limen pou fet Nwel la nan Hyderabad, peyi End, Vandredi 24 Dec. 2021.
Moun pase bo kote Katedral Sen Joseph la ki limen pou fet Nwel la nan Hyderabad, peyi End, Vandredi 24 Dec. 2021.

Soti depi Bethlehem pou rive nan Frankfò, Lond ak Boston, kowonaviris la kap fè ravaj jete yon lonbraj sou Fèt Nwèl la pou yon dezyèm ane youn apre lòt.

Legliz yo deside swa anile, swa diminye sèvis yo. Plan vwayaj gate akoz konpayi ayeryèn yo anile vòl yo epi pandemi a lakoz moun toupatou pap fete jan yo ta renmen fè'l la.

Mizisyen tap bat tanbou epi jwe enstriman pandan yo tap defile nan Bethlehem, kote se yon ti foul moun sèlman ki te sou plas pou wè parad la.

Moun toupatou bouke ak 2 zan restriksyon akoz kowonaviris la, e malgre y'ap chache mwayen pou fete fèt fendane yo, pa gen mwayen vreman pou reprann tradisyon sezon sa a ki te anile ane pase a.

XS
SM
MD
LG