Accessibility links

Breaking News

Biden, Premye Dam nan Vizite Yon Lopital pou Timoun Lavèy Nwèl la


Premye dam Jill Biden rive nan Lopital Nasyonal pou Timoun yo ak mari li Prezidan Joe Biden nan Washington, Vandredi 24 Dec. 2021.
Premye dam Jill Biden rive nan Lopital Nasyonal pou Timoun yo ak mari li Prezidan Joe Biden nan Washington, Vandredi 24 Dec. 2021.

Prezidan Joe Biden ak premyè dam Jill Biden ap pote yon ti lajwa fèt Nwèl la bay timoun ki kouche lopital e ki twò malad pou y'al lakay yo pou fèt fendane yo.

Se yon tradisyon pou premyè dam Etazini yo al vizite Lopital Nasyonal Timoun yo nan Washington pou fèt Nwèl la. Men vizit Prezidan Joe biden sete yon sipriz.

Lamezonblanch fè konnen se premye fwa yon prezidan patisipe nan aktivite sa a.

Biden yo pare pou ede timoun yo ak yon pwojè d'ar anvan premye dam nan li istwa "Lanuit Anvan Nwèl Olaf la".

Tradisyon vizite lopital timoun yo te komanse ak premyè dam Bess Truman, madanm prezidan Ameriken Harry Truman.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG