Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Leve Entèdiksyon Vwayaj li te Enpoze Kont Peyi Afrik Ostral yo


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden siyen yon lwa nan Lamezonblanch nan Washington, Jedi 23 Dec. 2021.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden siyen yon lwa nan Lamezonblanch nan Washington, Jedi 23 Dec. 2021.

Etazini pral leve retriksyon vwayaj li te enpoze kont 8 peyi Afrik Ostral pou anpeche varyan omicron kowonaviris la gaye sou teritwa Ameriken.

Lamezonblanch deklare restriksyon pwovizwa sa a te bay savan yo tan ki te nesesè pou etidye nouvo viris la, ke yo te idantifye pou premye fwa ann Afrik di Sid.

Oganizasyon Mondyal Lasante ak lidè peyi Afrik Ostral yo te kritike entèdiksyon sa a kom pa efikas.

Entèdiksyon an te anpeche tout etranje ki te pase tan nan Afrik di Sid, Botswana, Eswatini, Namibi, Lesotho, Malawi, Mozanbik ak Zimbabwe antre Ozetazini.

Restriksyon sa a pral leve lavèy joudlan, 31 Desanm.

XS
SM
MD
LG