Accessibility links

Breaking News

Omikronn Menase Gate Plan Ameriken yo pou Peryòd Fèt Fendane yo


Ameriken k ap vwayaje pou sezon fèt la mete mas nan figi yo pandan t ap tcheke malèt yo nan ayewopò entènasyonal Los Angeles la nan Eta Kalifoni, mèkredi 22 desanm 2021 an. (Foto: AP/Ringo H.W. Chiu).
Ameriken k ap vwayaje pou sezon fèt la mete mas nan figi yo pandan t ap tcheke malèt yo nan ayewopò entènasyonal Los Angeles la nan Eta Kalifoni, mèkredi 22 desanm 2021 an. (Foto: AP/Ringo H.W. Chiu).

Gouvènè anpil eta yon ti jan pentad pou yo enpoze plis restriksyon toujou. Yo pito kite nan men sitwayen yo desizyon pou konnen kiyès yo ta te dwe vizite, ak ki kote yo ta dwe ale pandan peryòd fèt fendane yo.

Pou yon dezyèm ane youn apre lòt, pandemi kowonaviris la ki kontinye ap chanje, mete kèk chwa difisil devan ameriken yo: Eske yo dwe vwayaje ou pa vwayaje? Eske yo dwe anile selebrasyon yo t ap planifye yo ou pa?

Anpil espesyalis nan domèn lasante mande popilasyon an rete vijilan, men ameriken yo bouke finalman ak koze kowonaviris sa a.

Tandiske deja gen kèk restriksyon an plas -sa ki lakòz moun yo anile anpil aktivite- gouvènè anpil eta yon ti jan pentad pou yo enpoze plis restriksyon. Yo pito kite nan men sitwayen yo desizyon pou konnen kiyès yo ta te dwe vizite ak ki kote yo ta dwe ale pandan peryòd fèt fendane yo.

XS
SM
MD
LG