Accessibility links

Breaking News

Universal Orlando Re-Enpoze Règ Pou Tout Vizitè yo Mete Mask


Foto Achiv: Touris rive nan Universal Studios nan Orlando, eta Florid, 3 Jyen 2020.
Foto Achiv: Touris rive nan Universal Studios nan Orlando, eta Florid, 3 Jyen 2020.

Universal Orlando re-enpoze restriksyon ki mande pou tout touris kap vizite pak la mete mask apati lavèy Nwèl, 24 Desanm, akoz kantite enfeksyon COVID-19 yo ki ogmante anpil nan moman varyan omicron an gaye nan zòn nan.

To enfeksyon kotidyen yo anrejistre nan Florid ogmante nan yon nivo ki 4 fwa plis pase sa yo te konn anrejistre anvan sa.

Ospitalizasyon yo ogmante 12%. Walt Disney World poko anonse okenn desizyon pou'l rekomanse egzije pou moun mete mask - pou kounyea.

Universal Orlando limenm di li pral egzije pou moun gen mask nan tout lye piblik yo ak tout atraksyon li yo. Règ sa a kouvri moman moun nan fè la ke pou antre nan pak la, pou rive nan moman li pati.

Pak sila a toujou chaje ak moun pandan peryod fèt fendane yo. Moun renmen vin jwi atraksyon yo e dapre nouvèl yo tèlman gen vizitè semèn sa a, moun blije tann 3 zè'd tan pou jwi kèk pami atraksyon ki pi popilè yo.

XS
SM
MD
LG