Accessibility links

Breaking News

Konpayi Ayeryen Ameriken yo Anile Dè Santèn Vòl Jou Nwèl la Akoz Omicron


Foto Achiv: Vwayaje nan ayewopo Harsfield-Jackson vil Atlanta nan eta Joji, 22 Dec. 2021.
Foto Achiv: Vwayaje nan ayewopo Harsfield-Jackson vil Atlanta nan eta Joji, 22 Dec. 2021.

Konpayi ayeryen Ameriken yo anile prèske 900 vòl Samdi pou dezyèm jou youn apre lòt akoz enfeksyon COVID-19 yo ki lakoz kèk pilòt ak manm ekipaj avyon yo pa vinn travay. Desizyon sa a gate plan dè dizèn milye moun te genyen pou yo vwayaje pou fèt fendane yo wikèn sa a.

Plis pase 800 vòl ki te sipoze dekole 25 Desanm - pami yo vòl nasyonal epitou entènasyonal te anile, dapre sit FlightAware.com ki siveye bagay sa yo de pre. Gen 800 lòt vòl ki te gen reta.

Fèt Nwèl la reprezante yon epòk nan ane a kote konpayi ayeryen yo fè yon voum lajan paske yon pakèt moun ap vwayaje. Men varyan omicron an ki gaye tout kote e ki fasil pou trape lakoz yon gwo ogmantasyon nan ka enfeksyon COVID-19 yo. Sa fòse konpayi ayeryèn yo pou anile vòl epi mete pilòt ak manm ekipaj nan karatèn.

XS
SM
MD
LG