Accessibility links

Breaking News

Omicron Lage yon Lombraj Entènasyonal Sou Fèt Fendane yo


Yon dam ki gen yon mask nan figi l pou pwoteje kont COVID-19 pote 2 sache plen acha apre li sòt fè chòping nan vil Lond lendi 27 desanm 2021 an.
Yon dam ki gen yon mask nan figi l pou pwoteje kont COVID-19 pote 2 sache plen acha apre li sòt fè chòping nan vil Lond lendi 27 desanm 2021 an.

Lendi 27 desanm nan, gouvènman plizyè peyi t ap anvizaje posiblite pou yo adopte plis restriksyon ke sa ki deja an plas yo akoz pandemi an.

Nan moman fèt fendane yo rive, moun toupatou nan lemond vle fete. Men bon dispozisyon pou yo byen pase fèt yo ap fè fas ak varyan omikwonn nan ke moun ka trape fasil.

Lendi 27 desanm nan, gouvènman plizyè peyi t ap anvizaje posiblite pou yo adopte plis restriksyon ke sa ki deja an plas yo akoz pandemi an.

Se konsa gouvènman La Frans ak Premye Minis britanik la, Boris Johnson, te pase dènye enfòmasyon yo an revi pou yo pran yon desizyon sou fason yo ka kontrekare gwo kantite enfeksyon COVID-19 yo k ap tabli nouvo rekò chak jou. Y ap reflechi sou yon seri nouvo mezi yo ka pran pou mete distans ant moun yo nan yon epòk kote sitwayen yo vle rapwoche yo ak fanmi yo epi zanmi yo.

Klike sou video ki pi ba pou w suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes sou efè omikwonn sou timoun yo nan New York epi sou vwayaj Ozetazini pandan fèt fendane yo.

Pwogrè omikwonn nan lemond.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:14 0:00

XS
SM
MD
LG