Accessibility links

Breaking News

GM, Google Pami Konpayi Ki Pap Asiste Konferans Elektwonik la Akoz COVID-19


Foto Achiv: Jounalis yo enspekte Chevrolet Bolt EV 2017 la yon machin elektrik pandan prezantasyon General Motors la nan CES Las Vegas, 6 Janvye 2016.
Foto Achiv: Jounalis yo enspekte Chevrolet Bolt EV 2017 la yon machin elektrik pandan prezantasyon General Motors la nan CES Las Vegas, 6 Janvye 2016.

Konpayi otomobil General Motors, Google, ak konpayi Waymo Google la, ki fabrike machin ki kondwi san chofè pote kole ak lòt konpayi ki di yo deside pa asiste Spektak Elektwonik pou Konsomatè yo, CES mwa pwochen an akoz kantite enfeksyon COVID-19 yo ki ogmante anpil.

Direktris GM nan, Mary Barra te sipoze pwononse diskou prensipal la pandan konferans anyèl la, ki fikse pou 5 Janvye a kote konpayi a te gen entansyon devwale kamyon pikòp Silverado elektrik li a pou premye fwa. Barra pral fè diskou a ak prezantasyon ni vityèlman, yon pòt pawòl fè konnen.

Yon pòt pawòl Google deklare: "Apre anpil konsiderasyon nou deside pa gen yon prezans nan konferans CES 2022 a." Li ajoute ke Google pral kontinye "idantifye ak apiye jefo vityèl."

Waymo bò kote pa li pibliye yon mesaj sou blog li kote li di li espere patisipe nan konferans la vityèlman si posib.

Konferans CES la popilè a mò, e li dewoule chak ane nan vil Las Vegas. Gen 180,000 moun ki soti toupatou nan mond lan ki konn asiste konferans sa a pou diskite sou nouvo teknoloji, epi fete ak kanmarad yo nan domèn biznis la.

XS
SM
MD
LG