Accessibility links

Breaking News

Spektak Lavèy Joudlan Times Square la Pral Fèt Malgre COVID


Jonathan Bennett, animate pwogram Good Riddance Day a goch ak Joe Papa Direkte Evenman Alyans Times Square la boule yon banye ane 2021 an, Madi 28 Dec. 2021.
Jonathan Bennett, animate pwogram Good Riddance Day a goch ak Joe Papa Direkte Evenman Alyans Times Square la boule yon banye ane 2021 an, Madi 28 Dec. 2021.

Majistra Nouyòk la, Bill de Blasio fè konnen vil Nouyòk pral selebre ane 2022 a nan Times Square, jan li konn fè'l chak ane, malgre yon chif rekò enfeksyon COVID-19 nan vil la ak toupatou nan peyi Etazini.

De Blasio deklare nan yon entèvyou ak pwogram "Today" chèn televizyon NBC a ke li vle montre mond lan ke vil la "ap goumen pou'l jere kriz sa a."

Apre yo te entèdi moun vin selebre nouvo ane a sou plas Times Square ane pase a akoz pandemi a, responsab vil Nouyòk yo anonse plan pou yo redwi kantite moun ki ka fete e yo egzije pou tout moun vaksinen.

Pwochen majistra Nouyòk la, Eric Adams, pral prete sèman nan Times Square yon ti tan apre boul la desann pou make kòmansman ane 2022 a.

XS
SM
MD
LG