Accessibility links

Breaking News

Nouvo Ka Enfeksyon COVID-19 Monte 17 Wotè Ozetazini


Moun fe la ke pou pran tes COVID-19 la nan Times Square, Nouyok, 13 Dec. 2021.
Moun fe la ke pou pran tes COVID-19 la nan Times Square, Nouyok, 13 Dec. 2021.

Plis pase yon lane apre vaksen kowonaviris la komanse sèvi pou premye fwa Ozetazini, ka enfeksyon COVID-19 yo ogmante 17 wotè pou tabil yon nouvo rekò - swa 265,000 pa jou.

Ogmantasyon sa a gen pou wè ak varyan omicron an ke moun ka trape fasil. Anvan sa, rekò pou yon jounen sete 250,000 ka. Yo te anrejistre kantite sa a nan mitan mwad Janvye a.

Kantite Ameriken ki kouche lopital akoz COVID-19 la rive 60,000 - swa matye sa doktè yo te konstate nan mwad Janvye a.

Kounyea ke joudlan ap pwoche, Doktè Anthony Fauci di pa gen oken rezon pou moun anile rankont ak yon ti gwoup moun lakay yo, si yo vaksinen epi resevwa booster a. Sepandan li rekomande pou moun pa fè fèt ki gen plis pase 40 envite, ni pou yo chita ap kwoke ak bo moun.

XS
SM
MD
LG