Accessibility links

Breaking News

Yon Pakèt Timoun Ameriken Ospitalize Akoz COVID-19


Enfimye retrete Jill Rill (a dwat) mete yon bandaj sou bra Jackson Stukus, 11 zan ki fek resevwa vaksen COVID-19 Pfizer a.
Enfimye retrete Jill Rill (a dwat) mete yon bandaj sou bra Jackson Stukus, 11 zan ki fek resevwa vaksen COVID-19 Pfizer a.

Gwo ogmantasyon nan ka kowonaviris yo Ozetazini ke varyan omicron an koze lakoz yon pakèt timoun ospitalize. Travayè la sante yo rapòte chif rekò.

Ekspè yo plenyen pou di pi fò timoun sa yo pa vaksinen. Doktè Paul Offit, ki travay pou lopital timoun Filadèlfi a deklare se yon bagay ki "kase kè li" paske gen mwayen pou anpeche timoun yo malad.

Pandan semèn 21 pou rive 27 Desanm nan, yon mwayèn de 334 timoun te entène lopital akoz kowonaviris la. Se yon ogmantasyon 58% konpare ak semèn anvan an, dapre Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a, CDC.

XS
SM
MD
LG