Accessibility links

Breaking News

La Frans Ogmante Presyon sou Moun ki Poko Vaksinen Kont COVID-19


Minis Sante Piblik Franse a Olivier Veran pandan yon rankont ak depite yo nan Asanble Nasyonal Paris, La Frans, 29 Dec. 2021.
Minis Sante Piblik Franse a Olivier Veran pandan yon rankont ak depite yo nan Asanble Nasyonal Paris, La Frans, 29 Dec. 2021.

Gouvènman Franse a ap pouse pou pi devan ak plan pou'l ogmante presyon an sou moun ki poko vaksinen kont COVID-19 la.

Peyi a rapòte 208,000 nouvo ka enfeksyon kowonaviris. Se yon chif rekò ki lye ak varyan kontaje omicron an.

Minis Sante Piblik Olivier Veran defann Mekredi, yon plan gouvènman an genyen pou'l pèmèt sèlman moun ki konplètman vaksinen kont kowonaviris la ale nan restoran, sinema, teyat, mize ak stad spòtif yo.

La Frans pral mande moun pwouve yo vaksinen tou anvan yo achte biyè pou tren entè-rejyonal yo ak vòl nasyonal yo.

Veran deklare chif rekò enfeksyon COVID-19 yo vle di plis pase 2 sitwayen nan peyi a teste pozitif pou kowonaviris la chak segond.

XS
SM
MD
LG