Accessibility links

Breaking News

Kòktèl Joudlan Omicron an: Tristès, Kè Sote ak Espwa pou 2022


Fe d'Atifis eklere syel la nan Sidney pou fete joudlan nan peyi Ostrali, 31 Dec. 2021.
Fe d'Atifis eklere syel la nan Sidney pou fete joudlan nan peyi Ostrali, 31 Dec. 2021.

Nan moman varyan omicron an gaye vit e prese toupatou nan mond lan, kèk peyi akeyi ane 2022 a ak yon kòktèl ki dous e anmè a la fwa. Sitwayen toupatou sonje moun ki mouri yo, sa yo ki san lè mouri, kè sote pou yo pa trape kowonaviris la epitou espwa pou pandemi a fini.

Gen anpil kote selebrasyon yo pat anpil oubyen yo te anile pou dezyèm ane youn apre lòt.

Nouvèl Zeland pa egzanp di 2021 babay ak yon limyè ki pat briye anpil ke yo pwojte sou moniman nasyonal Auckland yo.

Ostrali limenm te pouse pou pi devan ak selebrasyon pa li, pami yo, fe d'atifis ki klere syèl la sou tèt pon pò Sidney a epi Mezon Opera a. Pandansetan lap fè fas ak yon gwo ogmantasyon ka kowonaviris lakay li.

An Frans, yon doktè te soupi lè jounalis mande'l kisa ane 2022 ka pote. Li reponn ke travayè medikal yo bouke "paske yap fe fas ak yon vag enfeksyon epi tou swit yon lòt."

Nan Lond menm, responsab yo di kowonaviris la te enfekte yon afè youn sou chak 15 moun semèn anvan Nwèl la.

XS
SM
MD
LG