Accessibility links

Breaking News

Siklòn Roslyn Frape Meksik


Imaj satelit NOAA montre siklon Roslyn kap pwoche kot Pasifik Meksik, Samdi 22 Oktob, 2022.
Imaj satelit NOAA montre siklon Roslyn kap pwoche kot Pasifik Meksik, Samdi 22 Oktob, 2022.

Siklòn Roslyn frape kòt Pasifik Meksik kote pa gen anpil abitan, ant vil vakans Puerto Vallarta ak Mazatlan.

Apre sa, Roslyn pèdi fòs pou'l tounen yon depresyon twopikal epi li vanse sou tè.

Dimanch swa, Roslyn te pote avè l van kap soufle ak yon vitès 45 kilomet alè.

Sant Nasyonal Meteyowoloji Etazini an di Roslyn te sitye ak yon distans 80 kilomèt a lwès-nòdwès vil Monterrey.

Siklon nan ap deplase nan direksyon nodès la ak yon vitès 35 kilomèt alè, e meteyo atann ni aske li vanse pi plis sou peyi Meksik.

Sant Meteyo a di li kwè Roslyn pral kraze nèt anvan li rive Texas.

XS
SM
MD
LG