Accessibility links

Breaking News

Moun Florid Toujou nan Blakawout Apre Pasaj Siklòn Ian


William Merman, a goch, zanmi li Leaf Connor mache nan dlo ki anvayi katye yo apre pasaj Siklon Ian nan North Port, Florid, 3 Oct. 2022.
William Merman, a goch, zanmi li Leaf Connor mache nan dlo ki anvayi katye yo apre pasaj Siklon Ian nan North Port, Florid, 3 Oct. 2022.

Prèske yon semèn apre pasaj Ouragan Ian nan Florid ak eta Kawolin yo gen dè santèn milye moun nan eta Florid ki poko gen kouran lakay yo.

Apepre 430 mil kay ak biznis pat gen elektrisite Madi maten nan Florid, e otorite yo di yo pa atann yo aske yap kapab re-bay kouran an pazavan wikèn nan.

Pandansetan, Ian poko finn fè ravaj li. Otorite yo lanse avètisman pou di gen posibilite pou inodasyon nan zòn bò kòt la soti depi Long Island nan Nouyòk pou rive nan Outer Banks nan Kawolin di Nò.

Gen 78 ka lanmò ki anrejistre - 71 pami yo se moun ki te rete nan eta Florid.

XS
SM
MD
LG