Accessibility links

Breaking News

Siklòn Ian Pran Direksyon Kawolin yo Apre li Frape Florid


Se dwon ki pran foto sa a, ki montre bato epapiye pami kay apre pasaj Siklon Ian sou zile San Carlos nan Fort Myers Beach, Florid, Jedi, 29 Sept. 2022.
Se dwon ki pran foto sa a, ki montre bato epapiye pami kay apre pasaj Siklon Ian sou zile San Carlos nan Fort Myers Beach, Florid, Jedi, 29 Sept. 2022.

Siklòn Ian repran fòs e li menase kòt eta Kawolin di Sid ak vil istorik Charleston kote li pote ave'l inondasyon sevè.

Siklòn nan ravaje Florid epi lakoz plizyè milye moun bloke lakay yo.

Meteyowolojis yo lanse avètisman bay tout moun kap viv sou kot Kawolin di Sid pou yo pran prekosyon. Anpil moun te deplase al kote ki pa bò lanmè e pwopriyetè magazen yo te sevi ak sache sab pou anpeche dlo anvayi biznis yo.

Ian kite deye li yon pakèt destriksyon apre li te rive Florid Mekredi antanke youn nan siklòn pi pwisan ki janm frape Etazini.

Omwens 7 moun mouri nan eta a dapre otorite yo.

Gen anpil chans pou chif sa a ogmante pandan otorite yo ap konfime plis viktim epi chache moun ki bloke lakay yo.

XS
SM
MD
LG