Accessibility links

Breaking News

Nouvo Jij Istorik Kou Siprèm Etazini Prete Sèman Jodia


Jij Kou Siprem Stephen Breyer ak Ketanji Brown Jackson prandan prestasyon seman li kom nouvo jij Kou Siprem Etazini, Jedi 30 Jyen 2022.
Jij Kou Siprem Stephen Breyer ak Ketanji Brown Jackson prandan prestasyon seman li kom nouvo jij Kou Siprem Etazini, Jedi 30 Jyen 2022.

Prèske 3 mwa apre li te konfime kòm nouvo jij Kou Siprèm Etazini, Ketanji Brown Jackson tounen yon jij kou a ofisyèlman jodia.

Jackson, ki gen 51 an, ap ranplase 116èm jij Kou Siprèm nan Jedi, Jij Stephen Breyer, kap pran retrèt li.

Jackson prete sèman a midi jodia. Tribinal ki gen plis pouvwa Ozetazini an te difize seremoni an an dirèk sou sit wèb li. Madan Jackson oblije prete sèman 2 fwa. Youn se Jij Breyer ki bay li, e lòt la se Jij John Roberts ki se Chèf Kou Siprèm nan.

Madan Jackson ap travay kòm jij federal depi ane 2013. Li se premye fanm nwa ki janm nomen jij nan Kou Siprèm nan. Lap rejwenn 3 lot jij fanm: Sonia Sotomayor, Elena Kagan epi Amy Coney Barrett. Se premye vwa ap gen 4 jij fanm nan kou a, ki gen yon total 9 jij ladann.

Prezidan Biden te nomen Jackson nan mwad Fevriye a, yon mwa apre jij Breyer, ki gen 83 zan, te anonse li pral pran retrèt li nan fen ane travay Kou Siprèm nan.

Sena a te konfime nominasyon Jackson nan nan komansman mwad Avril la ak yon vòt 53 pou ak 47 kont - sete pou pi fò yon vòt patizan men gen 3 Repibliken ki te vote an fave nominasyon an ansanm ak Demokrat yo.

Apre konfimasyon li, Jackson te kontinye travay kòm jij nan kou d'apel federal la nan Washington, men li pat prezide okenn ka.

Jackson pral kapab komanse travay tou swit, men Kou Siprèm nan finii pi fo travay li pou ane a - apa apèl dijans ki taka prezante. tribinal la ap reprann travay nan sezon Otonn nan. Sa pral bay Jackson tan pou'l enstale li epi vinn pi familye ak 2 douzèn ka tribinal la deja genyen sou kalandriye li lè odisyon yo rekomanse nan mwad Oktob la.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG