Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken Apwouve Jackson Kòm Premye Fanm Nwa nan Kou Siprem nan


Prezidan Joe Biden kwoke Jij Ketanji Brown Jackson, pandan yap gade ansanm vot Sena a sou konfimasyon li kom Jij Kou Siprem peyi a, nan Lamezonblanch, Jedi 7 Avril 2022.
Prezidan Joe Biden kwoke Jij Ketanji Brown Jackson, pandan yap gade ansanm vot Sena a sou konfimasyon li kom Jij Kou Siprem peyi a, nan Lamezonblanch, Jedi 7 Avril 2022.

Sena Ameriken konfime Ketanji Brown Jackson kòm jij nan Kou Siprem nan - yo desizyon istorik. Jackson se premye fanm nwa ki janm nomen nan Kou Siprem nan, e apwobasyon ni bay Biden sipò bi-patizan (Repibliken ak Demokrat yo) pou divesifye Wot Kou Jistis la.

Sena a konfime Jackson 53-47 - gen 3 senate Repibliken ki vote an fave nominasyon an. Li va ranplase Jij Stephen Breyer le misye pran retret li nan sezon ete a, epi kore zel liberal Kou Siprem nan ke konsevate yo dominen.

Jackson se selman 3em jij Nwa Ameriken nan Kou Siprem nan apre Thurgood Marshall ak Clarence Thomas. Li se 6em fanm ki ranpòte yon syen nan Kou a.

Pandan odyans konfimasyon li mwa pase a, li te di senate yo ke li pral aplike lwa Etazini "san ke sote ni pati pri."

XS
SM
MD
LG