Accessibility links

Breaking News

Komite Jidisyè Sena a Tanmen Odisyon Jij Nwa Biden Chwazi pou Kou Siprèm nan


Jij Ketanji Brown Jackson pran plas li nan komansman odisyon konfimasyon li devan Komite Jidisye Sena a, Lendi 21 Mas, 2022.
Jij Ketanji Brown Jackson pran plas li nan komansman odisyon konfimasyon li devan Komite Jidisye Sena a, Lendi 21 Mas, 2022.

Komite Jidisyè Sena Ameriken an tanmen odisyon konfimasyon Kou Siprèm nan pou Jij Ketanji Brown Jackson, premye fanm nwa ki resevwa nominasyon pi wot kou jistis la.

Jij Jackson di senatè yo li ta defann Konstitisyon an epi jije ka legal "san kè sote ni pati pri" si yo konfime'l kòm manm Kou Siprèm nan.

Jij la pran la pawòl nan ouvèti odyans konfimasyon li Lendi.

Madan Jackson di li santi l "emb ak onore" pou l ranpote nominasyon istorik sa a.

Si Jij Jackson pa fè okenn erè, Demokrat yo, ki kontwole Sena a ak yon ti maj tou piti, gen entansyon fini konfimasyon ni anvan fèt Pak la.

Jackson pral reponn kestyon 11 Demokrat ak 11 Repibliken ki manm komite a pandan 2 jou kap vini yo.

Li poko klè si Repibliken yo pral adopte yon pozisyon agresif kont Jackson, pwiske konfimasyon li pap chanje majorite konsèvatè Kou Siprèm nan ki se 6 kont 3 (6 jij konsèvatè ak 3 jij liberal).

XS
SM
MD
LG