Accessibility links

Breaking News

Jij Kou Siprèm Clarence Thomas Entène Lopital Akoz yon Enfeksyon,


Foto Achiv: Jij Kou Siprem Clarence Thomas.
Foto Achiv: Jij Kou Siprem Clarence Thomas.

Jij nan Kou Siprèm Clarence Thomas entène lopital akoz yon enfeksyon, dapre sa Kou Siprèm nan fè konnen dimanch.

Thomas, ki gen 73 lane, entène nan lopital Sibley Memorial nan Washington DC, depi vandredi, apre li te fin santi "sentòm tankou grip," se sa tribinal la fè konnen nan yon kominike.

Tribinal-la pa bay detay sou enfeksyon an, men li fè konnen lopital la ap trete Thomas ak antibyotik pou konbat enfeksyon-an e ke sentòm li yo ap diminye.

Li ka kite lopital-la nan 2 jou konsa.

Kou Siprèm nan ap reyini semèn sa a pou tande depozisyon nan 4 pwosè. Thomas gen plan patisipe nan yo, menm si li pa tande depozisyon yo, dapre sa tribinal la anonse.

Thomas ap syeje nan tribinal la depi 1991.

XS
SM
MD
LG