Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm: Jij Thomas Pa Gen COVID


Foto Achiv: Jij Kou Siprem Clarence Thomas.
Foto Achiv: Jij Kou Siprem Clarence Thomas.

Jij Kou Siprèm Etazini Clarence Thomas toujou entène lopital nan Washington men li pa gen COVID-19, dapre sa Kou Siprèm nan fè konnen Lendi.

Tribinal la pa bay okenn lòt enfòmasyon sou enfeksyon ki lakoz Thomas entène lopital depi Vandredi. Sèl sa li di se ke jij la komanse refè apre yo ba li sewom ki gen antibyotik ladann.

Jij Thomas gen 73 zan e li vaksen kont COVID-19 epi pran vaksen Booster la, menm jan ak 8 lòt jij Lakou a.

Thomas te vinn manm Kou Siprèm nan an 1991.

Dimanch nouvèl sou ospitalizasyon li te pibliye nan moman Komite Jidisyè Sena a tap pare pou'l tanmen odisyon Lendi sou nominasyon Jij Ketanji Brown Jackson, yon fanm nwa ke Prezidan Joe Biden nomen pou ranplase Jij Stephen Breyer ki pral pran retrèt li.

XS
SM
MD
LG