Accessibility links

Breaking News

LaRisi te bay Ikrèn jiska bonè jodi lendi pou li remèt vil Mariupol ki anba syèj


Yon gason mache nan apatman li ki finn winen apre yon atak Ris sou vil Kyev, kapital Ikren, Lendi 21 Mas, 2022.
Yon gason mache nan apatman li ki finn winen apre yon atak Ris sou vil Kyev, kapital Ikren, Lendi 21 Mas, 2022.

LaRisi te bay Ikrèn jiska bonè jodi lendi pou li remèt vil Mariupol ki anba syèj, pandan Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy fè konnen li pare pou negosyasyon lapè ak Prezidan ris Vladimir Putin.

Sepandan, yon ti tan apre, Premye-minis Ikrèn Irina Vereshchuk rejte iltimatòm nan. "Pa gen pale pou nou rann tèt nou, depoze zam. Nou deja enfòme kan LaRisi a sou sa," se sa li di ajans nouvèl Ikrènyen Pravda.

Dapre ajans nouvèl leta ris RIA, ministè defans LaRisi a te vle gen repons lame Ikrèn nan a 5 è nan maten, lè Moskou, ki se 4 è nan maten, lè Kyèv. Moskou di ke si Ikrèn refize remèt vil-la, sa vle di li kanpe nan menm kan ak "bandi".

Iltimatòm nan vini kèk èd-tan apre Zelenskyy te di jounalis CNN Fareed Zakaria nan yon entèvyou ki pase dimanch,

ke si li pa jwenn yon antant negosye ak LaRisi, sa "ta vle di yon 3èm Gè Mondyal".

Zelenskyy mande chita-koze lapè detaye ak Moskou, chita-koze ki ta remèt Ikrèn tout teritwa li e bay jistis pou Ikrèn. Prensipal negosyatè LaRisi a te di lòt jou la a 2 kan yo rive pi pre yon antant negosye sou kesyon pou Ikrèn ta abandone demand pou l antre nan l-OTAN e pou Ikrèn dakò tounen yon peyi neut, kidonk ki pa nan kan ni loksidan ni LaRisi.

XS
SM
MD
LG