Accessibility links

Breaking News

Yon Avyon Chinwa Fè Aksidan nan Sid Peyi a, ak 132 Pasaje


Foto Achiv: Sitwayen gade yon avyon Chin de Les kap pare pou'l dekole nan yon vol ese nan nouvo ayewopo entenasyonal Peken Daxing la, Lendi 13 Me, 2019.
Foto Achiv: Sitwayen gade yon avyon Chin de Les kap pare pou'l dekole nan yon vol ese nan nouvo ayewopo entenasyonal Peken Daxing la, Lendi 13 Me, 2019.

Yon avyon Boeing 737-800 Chin de Lès ki te gen 132 pasaje abò tonbe nan sid peyi a. Se aksidan ayeryen pi grav ki rive nan peyi a depi prèske 10 zan.

Aviyasyon Sivil La Chinn pibliye yon deklarasyon kote li di aksidan an rive Lendi tou pre vil Wuzhou nan awondisman Teng.

Vol 5735 tap vwayaje ak yon altitid 30,000 pye lè sanzatann, yon ti tan apre 2:20 nan apremidi, li te komanse plonje desann. Done yo sigjere avyon an tonbe yon minit edmi apre pwoblèm li te kontwonte a.

Boeing, ki gen katye jeneral li nan Chicago fè konnen li o kouran premye rapò sou aksidan an e ke lap "travay pou ranmase plis enfòmasyon."

Aksyon Boeing yo bese 8% anvan Mache La Bous la te louvri pòt li, Lendi.

XS
SM
MD
LG