Accessibility links

Breaking News

Jij Ketanji Brown Jackson Pase Plizyè èd tan ap Reponn Kesyon Manm Komisyon Jistis


Supreme Court nominee Ketanji Brown Jackson testifies during her Senate Judiciary Committee confirmation hearing on Capitol Hill in Washington, March 22, 2022.
Supreme Court nominee Ketanji Brown Jackson testifies during her Senate Judiciary Committee confirmation hearing on Capitol Hill in Washington, March 22, 2022.

Nan yon 2èm jounen depozisyon byen chaje nan Sena Etazini an pou nominasyon li pou Kou Siprèm nan, Jij Ketanji Brown Jackson te pase plizyè èd tan ap reponn kesyon manm Komisyon Jistis la yo, ki te santre sou tout bagay, soti nan filozofi li nan kesyon jistis an jeneral pou rive nan kesyon byen presi sou konklizyon jijman li te fè e sou rapò ke li te ekri.

Jackson, premye dam Nwa ki jwenn nominasyon pou yon syèj nan pi gran tribinal peyi-a, te prezante nan seyans depozisyon yon jou apre li menm ak manm komisyon an yo te pase plizyè èd-tan ap bay deklarasyon ouvèti yo. Repibliken yo nan panèl la te fè konnen y ap defye li sou divès kesyon. Madi, chak manm te gen 30 minit pou kesyone Jackson.

Demokrat yo te pase anpil nan tan ki te pou yo a nan pale ak Jackson ak anpil koutwazi, olye yo te poze kesyon ki ale dwat sou kèk sijè enpòtan.

XS
SM
MD
LG