Accessibility links

Breaking News

Jij Brown Jackson, Kandida pou yon Plas nan Kou Siprèm nan, Parèt Komite Jidisyè Sena a


Jij Ketani Browan Jackson, ke Prezidan Biden nomen kom jij Kou Siprem Etazini temwaye devan Komite Jidisye Sena a, nan Washington, Madi 22 Mas 2022.
Jij Ketani Browan Jackson, ke Prezidan Biden nomen kom jij Kou Siprem Etazini temwaye devan Komite Jidisye Sena a, nan Washington, Madi 22 Mas 2022.

Jij Ketanji Brown Jackson fè fas ak anpil kesyon madi 22 mas la, nan moman manm Komisyon Afè Jidisyè Sena a kontinye fè diskisyon sou nominasyon li pou yon plas nan Kou Siprèm nan –diskisyon ki te kòmanse lendi e k ap dire 4 jou.

Chak manm komisyon an gen 30 minit chak jou pou yo poze Madam Jackson kesyon nan kad fòmalite ki nesesè pou konfime ou rejte nominasyn li pou l ranplase Jij Stephen Breyer k ap pran retrèt li. Seyans la ap dire chak jou depi maten rive jous nannuit.

Nan moman pwosesis konfimasyon an t ap tanmen lendi, manm komisyon an te presize fason y ap trete Madam Brown Jackson pral chita sou opinyon politik chak nan yo, kote Demokrat yo ap fè konpliman pou kalifikasyon li, tandiske Repibliken yo di yo gen anpil kesyon pou yo poze sou dosye li.

XS
SM
MD
LG