Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm nan Pap Kite Biden Aplike Politik Imigrasyon


Foto Achiv: Kou Siprem Etazini nan Washington.
Foto Achiv: Kou Siprem Etazini nan Washington.

Kou Siprèm nan pap kite administrasyon Biden nan mete ann aplikasyon yon politik ki priyorize depòtasyon moun kap viv nan peyi a ilegalman e ki poze pi gwo risk pou sekirite piblik la.

Lòd tribinal la pase Jedi a bloke politik la toupatou Ozetazini pou kounyea.

Jij yo vote 5 kont 4 - kote jij konsèvatè Amy Coney Barrett te rejwenn jij liberal Elena Kagan ak Ketanji Brown Jackson ki di si sete yomenm, yo tap kite administrasyon an aplike direktiv la.

Kou Siprèm nan anonse tou li pral tande agiman yo pa rapò ak ka sa a nan fen mwad Novanm nan.

Jij yo tap aji sou yon deman d'ijans administrasyon an te fè devan tribinal la apre desizyon depaman kou d'apèl federal yo te pran sou kestyon an.

XS
SM
MD
LG