Accessibility links

Breaking News

Etazini Restore Posibilite pou Rezidans Legal pou Kèk Moun ki Gen TPS


Foto Achiv: imigran Ayisyen ak patizan pran lavi pou rejte desizyon depatman Sekirite Nasyonal la pran pou'l mete fen nan TPS pou Ayisyen nan Manhattan, Nouyok, 21 Nov. 2017.
Foto Achiv: imigran Ayisyen ak patizan pran lavi pou rejte desizyon depatman Sekirite Nasyonal la pran pou'l mete fen nan TPS pou Ayisyen nan Manhattan, Nouyok, 21 Nov. 2017.

Kèk moun ki gen Stati Pwoteje Tanporè (TPS) pral jwenn mwayen pou yo ajiste stati imigrasyon yo pou jwenn rezidans pèmanan Ozetazini.

Pi bonè mwa sa a, Sèvis Natiralizasyon ak Imigrasyon an (USCIS) te pibliye yon deklarasyon ki fè konnen li retabli yon pwosesis ki te disponib pandan kèk ane, jiskaske administrasyon Trump la te vinn chanje'l.

Pwosesis sa a pèmèt imigran ki te antre Ozetazini san pèmisyon legal, men ki gen TPS, vwayaje nan peyi Etranje e lè yo tounen, pase nan imigrasyon ofisyèlman. Si yo marye ak yon sitwayen Ameriken oubyen si yo gen yon pitit ki gen plis pase 21 an ki se yon sitwayen Ameriken, yo taka gen posibilite pou aplike pou rezidans Ozetazini si yon manm fanmi yo mande sa pou yo.

Yon enspeksyon nesesè dapre lwa imigrasyon Etazini pou moun ki pa sitwayen ajiste stati yo. Moun ki te antre nan peyi a ilegalman, men ki te resevwa TPS apre sa, pa nan gwoup Etazini konsidere kom moun ki pase enspeksyon e ki jwenn pèmisyon antre nan peyi a.

Kiyès sa pral afekte?

Kongrè a te tabli TPS an 1990 lè li te di migran ki soti nan peyi kote pa gen sekirite kapab viv e travay Ozetazini pandan yon peryod tan di yo reponn demann gouvènman Ameriken an tabli.

Aktyèlman gen 15 peyi ki gen deziyasyon TPS: Afghanistan, Cameroon, Salvado, Ayiti, Ondiras, Birmani, Nepal, Nikarawa, Somali, Sid Soudan, Soudan, La Siri, Ikrèn, Venezyela ak Yemèn. TPS pa nesesèman debouche sou rezidans pèmanan Ozetazini.

Eske politik vwayaj la nouvo?

Non. Li te ann aplikazyon pandan dè dizèn ane jiskaske Komite Apèl Immigrasyon an (BIA) te mete fen ladann, nan yon desizyon sou yon ka imigrasyon ki rele Kestyon Z-R-Z-C a.

Nan deklarasyon li a, lidèship USCIS la te deklare li pa konsidere desizyon BIA a, ki te kreye yon entèpretasyon ak anpil restriksyon pou moun ki benefisye TPS yo, tankou yon politik li dwe aplike.

Michael Turansick, yon avoka imigrasyon kap travay pou Asosyasyon Avoka Imigrasyon Ameriken yo di USCIS rekomanse aplike "definisyon senp ki fè sans" sou enspeksyon ak admisyon anba lwa imigrasyon ki ann aplikasyon kounyea a, lè li tap chanje politik li.

"Lè yon moun prezante tèt li nan po d'antre a bay yon ofisye imigrasyon epi yo kite'l antre Ozetazini, sa reprezante enspeksyon ak admisyon pou moun ki benefisye TPS yo e se yomenm ki akode pèmisyon vwayaj sa a," Turansick esplike.

Eske se yon amnisti pou tout moun ki gen TPS?

Non. Politik la pa akode stati rezidans pèmanan otomatikman pou tout moun ki gen TPS e kap viv Ozetazini san dokiman. Turansick esplike se yon opsyon pou moun ki te antre san enspeksyon pou yo regilarize stati yo.

Reichlin-Melnick di politik sa a se "presizeman pou [kèk moun ki gen TPS] kap viv ak yon espèz de limbo legal Ozetazini, men ki paka janm jwenn okenn stati pèmanan."

Kiyès ki pral benefisye?

Avoka imigrasyon yo di li difisil pou konnen konbyen moun ki pral kapab ajiste stati yo gras ak politik sa a, men yo estime dè milye moun ki gen TPS taka benefisye de li.

Anba administrasyon Trump la, moun ki gen TPS yo te ka aplike pou otorizasyon vwayaj, men yo ta retounen Ozetazini ak menm stati yo te genyen anvan yo te kite. Nan deklarasyon li pibliye sa pa gen lontan, USCIS te di chanjman nan politik la retwoaktiv, kivledi moun ki gen TPS ki te vwayaje pandan ane kote Trump te sou pouvwa a e ki te jwenn pèmisyon antre Ozetazini pral jwenn stati enspekte a.

Eske moun ki gen TPS bezwen aplike pou otorizasyon vwayaj?

Wi. Moun ki gen TPS gen pou yo mande otorizasyon pou kite Etazini. Moun ki aplike yo gen pou yo montre USCIS ke yo bezwen vwayaje pou rezon imanitè dijans, tankou pa egzanp si yo gen yon manm fanmi yo ki malad. Si se yon ONG (oganizasyon non-gouvènmantal) ki mande otorizasyon an pou moun ki gen TPS la, fok li pwouve vwayaj nan peyi etranje a pral ede enterè sosyal ak kiltirèl Etazini avanse. Pri pou aplike pou otorizasyon sa a se $575.

Si yon moun ki gen TPS kite Etazini anvan li jwenn konsantman TPS pou vwayaje, yap pèdi stati TPS la e yo pap kapab re-antre Ozetazini.

Korespondan VOA sou kestyon imigrasyon Aline Barros ekri vèsyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG