Accessibility links

Breaking News

Kèk Moun ki Gen TPS Ap Kapab Vwayaje Nan Peyi Etranje


Sèvis Natiralizasyon ak Imigrasyon Etazini an anonse ke apati 1 Jiyè, li pral pibliye yon nouvo dokiman ki otorize vwayaj pou moun ki gen TPS. Dokiman an rele I-512T.

Nan yon nòt pou laprès CSIS pibliye sou sit web li, li fè konnen li pap pibliye dokiman pawòl kòm prev ke yon moun ki gen TPS gen otorizasyon pou'l vwayaje andeyò Lèzetazini.

Sepandan, otorizasyon sa a aplike pou moun ki gen TPS e ki gen yon dokiman pawòl ki pa ekspire. Deklarasyon CSIS la di moun sa yo ka ka sèvi ak dokiman konsantman sa a pou vwayaje andeyò Lèzetazini pandan peryòd kote li valid la.

Pou moun ki vle aplike pou yon nouvo dokiman otorizasyon vwayaj, CSIS di ou ta dwe kontinye sèvi ak dokiman ki rele I-131 an. Si ou te deja ranpli I-131 an epi voye'l bay CSIS, ou pa bezwen fè yon nouvo demann.

CSIS fini pou di li pral kontinye bay dokiman pawòl pou moun ki pa sitwayen Ameriken, ki aplike pou TPS atravè fòmilè I-821 e kap tann yo fin revize demann sa yo.

XS
SM
MD
LG