Accessibility links

Breaking News

Etazini Pare pou Anonse Asistans pou Ayiti nan Kad Akò sou Migrasyon Biden Pral Devwale a


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pale pandan sesyon plene a nan Some Dez Amerik la, Vandredi 10 Jyen 2022.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pale pandan sesyon plene a nan Some Dez Amerik la, Vandredi 10 Jyen 2022.

Yon responsab wo plase administrasyon Biden fe konnen Lezetazini pare pou’l dispoze asistans nan domen sekirite ak asistans imanite pou ede pep Ayisyen an. Responsab la di, li pa vle bay twòp detay anvan diskou Prezidan Biden nan men ke Etazini rekonet bezwen ki egziste pou dispoze mwayen legal pou pemet migran Ayisyen vini Ozetazini.

VOA Kreyòl mande responsab la si Etazini fe gouvenman Ariel Henry a konfyans pou jere asistans sa a e si pami konsiderasyon yo genyen yon ekstansyon TPS (Stati Pwoteje Tanpore a).

Responsab la reponn « livrab ki dispoze opòtinite pou pep Ayisyen an, se sa ki objektiv nou. »

Prezidan an va bay detay sou nouvo akò sa a pandan yon rankont sou patneship rejyonal kote yo va adrese kriz migratwa istorik ki afekte tout peyi nan rejyon an. Responsab la di Etazini gen entansyon mande tout peyi yo ranfòse politik azil yo, epi byen egzaminen e voye tounen nan peyi yo moun ki pa kalifye.

Nan asistans la tou genyen plis viza H2A ak H2B ki pemet moun nan peyi etranje vinn travay pwovizwaman Ozetazini.

Dapre responsab la Prezidan Biden ap konte sou kolaborasyon tout peyi ki siyen akò a pou mete’l ann aplikasyon. Li di akò a vize 4 «pilye de baz » ki se asistans stabilité, opòtinite travay, mwayen migrasyon legal, epi yon repons kowòdone a kriz migratwa a.

Administrasyon Biden nan pase plizye mwa ap travay sou akò men li kwe “aksyon se sak pi enpòtan an” responsab la deklare. « Etazini pral angaje nan pwosesis la epi trase eganp ke lòt peyi ka swiv. »

« Nou atann nou aske tout peyi fe pati pa yo, se yon kestyon pataje responsabilite, » li ajoute.

XS
SM
MD
LG